Habakkuk 3:19
Se Seyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe. Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
18mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Seyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m' lan.
Cross References
Deuteronomy 32:13Li fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a. Li fè yo manje grenn bwa nan savann. Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè. Pye oliv yo donnen nan wòch karyann.
2 Samuel 22:34Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fè m' mache sou mòn yo san m' pa tonbe.
Psalms 6:1(06:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (06:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
Psalms 18:33(018:34) Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe.
Psalms 27:1Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?
Psalms 54:1(054:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David (054:2) te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. (054:3) Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!