2 Samuel 4:8
Yo pote tèt Ichbochèt bay David lavil Ebwon. Yo di l' konsa: -Men tèt Ichbochèt, pitit Sayil la, moun ki pa t' vle wè ou la, moun ki t'ap chache touye ou la. Jòdi a Seyè a bay monwa chans pou li tire revanj sou Sayil ansanm ak sou rès fanmi li.
Bib La
In The King James Version
In Context
9David reponn yo: -Mwen fè sèman devan Seyè a ki delivre m' nan tout malè,
Cross References
1 Samuel 18:11Sayil di nan kè l': Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan.
1 Samuel 19:2Li fè David konnen sa. Li di l': -Sayil, papa m', ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa soti menm.
1 Samuel 20:1David kouri kite lavil Najòt nan zòn Rama a, li chape kò l', l' al jwenn Jonatan epi li di l': -Kisa m' fè? Kisa m' fè ki mal? Kisa m' fè papa ou pou li vle touye m' konsa?
1 Samuel 24:4Mesye yo di David konsa: -Men chans ou, men okazyon Seyè a te di l'ap ba ou a. Seyè a te di: L'ap lage lènmi ou la nan men ou, w'a fè sa ou vle avè l'. David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa.
2 Samuel 18:19Akimaz, pitit gason Zadòk la, di Joab konsa: -Kite m' kouri al fè wa a konnen jan Seyè a rann li jistis, jan li delivre l' anba men lènmi l' yo.
2 Samuel 22:48Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.