2 Samuel 5:11
Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kot David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Chak jou David t'ap vin pi fò. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l'.
Cross References
Joshua 19:29Apre sa, limit la vire tounen nan direksyon Rama jouk li rive nan gwo fò lavil Tir la, li pouse pou Osa epi l' al bout nan lanmè Mediterane a. Nan menm pòsyon tè yo a, te vin gen tou Maralèb, Aksib,
2 Samuel 7:2Wa a pale ak pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye.
1 Kings 5:8Apre sa, Iram voye di Salomon: -Mwen resevwa mesaj ou a. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou bwa sèd ak bwa pichpen yo.
1 Kings 5:18Se konsa bòs mason Salomon yo ak bòs mason Iram yo ansanm ak mesye lavil Gebal yo te pare blòk wòch ak bwa pou bati Tanp lan.
1 Chronicles 14:1Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li.
Jeremiah 22:14Madichon pou moun k'ap plede di: mwen pral bati yon gwo kay ak chanm byen laj nan chanmòt yo. Yo mete fennèt nan kay yo, yo palisade yo ak bwa sèd, yo pentire yo tou wouj.