The Bible Software
bible.software › 2 Samuel › 2 Samuel 5 › 2 Samuel 5:7

2 Samuel 5:7

Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.

Bib La

In The King James Version

Nevertheless David took the strong hold of Zion: the same is the city of David.

In Context

6Apre sa, wa David pati pou lavil Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, li al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa ta ka antre pran lavil la. Yo di l' konsa: -Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ka gen kont fòs pou mete ou deyò.

8Jou sa a, David te di moun pa li yo: -Tout moun ki vle atake moun Jebis yo va pase nan kannal la, y'a tonbe sou bann enfim ak je pete sa yo ki pa vle wè m' yo. Se depi lè sa a yo di moun je pete ak moun enfim pa gen dwa mete pwent pye yo nan Tanp Seyè a.

Read all of 2 Samuel 5

Cross References

2 Samuel 5:9Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l' lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a.

2 Samuel 6:12Lè David tande jan Seyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l' t'ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, li ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Seyè a pou pote l' nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la.

1 Kings 2:10Lè David mouri yo antere l' nan lavil David la.

1 Kings 8:1Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp la vin jwenn li lavil Jerizalèm pou y' al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.

2 Chronicles 5:2Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l' lavil Jerizalèm pou yo al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.

Nehemiah 3:15Se Chaloum, pitit gason Koloze a, gouvènè lavil Mispa a, ki te rebati Pòtay Fontenn lan. Li mete yon twati sou li, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Li refè miray ki soti bò letan Chela a tou, toupre jaden wa a, rive jouk bò macheskalye ki desann soti nan lavil David la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Samuel 5:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Samuel 5:62 Samuel 52 Samuel 5:8 →