2 Samuel 6:10
Se konsa li pran desizyon pou l' pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan Lavil David la. Li fè yo pote l' kay Obèdedon, yon moun lavil Gat.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Lè sa a, David vin pè Seyè a. Li di li pa wè ki jan pou l' pran Bwat Kontra a lakay li.
11Bwat la pase twa mwa lakay li. Seyè a te beni Obèdedon ansanm ak tout moun lakay li.
Cross References
2 Samuel 4:3depi lè moun Bewòt yo te kouri kite lavil la pou y' al lavil Gitayim, kote y'ap viv jouk koulye a.
2 Samuel 5:9Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l' lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a.
2 Samuel 18:2Lèfini, li separe lame a an twa pòsyon, yon pòsyon sou lòd Joab, yon pòsyon sou lòd Abichayi, frè Joab la, yon pòsyon sou lòd Itayi, moun lavil Gat. Apre sa, wa a di yo: -Mwen prale avè nou tou.
1 Chronicles 15:18Apre sa, yo chwazi lòt moun Levi nan menm fanmi ak premye yo, pou ede yo nan travay yo. Se te Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Benaja, Maseja, Matitya, Elifeleou, Mikneja, ak de gad pòtay tanp lan, Obèd-Edon ak Jeyèl.
1 Chronicles 16:5Li mete Asaf chèf ak Zakari pou vin apre li. Sou zòd yo te gen Aziyèl, Chemiramòt, Jekiyèl, Matitya, Eliyab, Benaja, Obèd-Edon, Jeyèl pou jwe enstriman mizik yo, gita ak bandjo. Asaf menm t'ap bat senbal ki fè gwo bri yo.