2 Samuel 6:19
Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li ba yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen. Lèfini, tout moun al lakay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè ki gen tout pouvwa a.
Cross References
1 Kings 8:66Sou wityèm jou a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè lwanj li, y' al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tout benediksyon Seyè a te bay David, sèvitè l' la, ansanm ak pèp Izrayèl li a.
1 Chronicles 16:43Apre sa, tout pèp la tounen lakay yo. David tounen lakay li tou pou l' beni fanmi pa l' tou.
2 Chronicles 30:24Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (01.000) towo bèf ak sètmil (07.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Seyè a.
2 Chronicles 35:12Apre sa, yo wete pati ki pou boule nèt pou Seyè a, yo bay chak fanmi pòsyon pa yo pou yo al ofri bay Seyè a, jan sa ekri nan Liv Moyiz la. Yo fè menm bagay la pou bèf yo.
Ezekiel 45:17Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m' yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la.
Ephesians 4:8jan sa ekri nan Liv la: Lè li moute anwo, li mennen anpil prizonye ak li, li bay lèzòm anpil kado.