2 Chronicles 30:24
Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (01.000) towo bèf ak sètmil (07.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 6:19Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li ba yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen. Lèfini, tout moun al lakay yo.
2 Chronicles 29:34Men prèt yo pa t' anpil, yo pa t' ka kòche tout bèt yo te ofri pou boule nèt yo. Se moun Levi yo, moun menm fanmi ak yo, ki te vin ede yo fin fè travay la, jouk lòt prèt yo te fin mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, paske moun Levi yo te pi prese mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a pase prèt yo.
2 Chronicles 30:15Nan katòzyèm jou dezyèm mwa a, yo touye ti mouton Delivrans yo. Prèt yo ak moun Levi ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a vin wont tèt yo, yo fè sa pou yo fè pou yo ka nan kondisyon pou sèvis Seyè a, lèfini yo antre nan Tanp lan al boule bèt yo ofri nèt pou Seyè a.
Ezekiel 45:17Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m' yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la.