2 Samuel 6:22
M'ap desanm tèt mwen pi ba toujou pase sa. Dapre ou, se desann m'ap desann sousi m'. Men, sèvant w'ap pale yo ap toujou ka leve m' anlè.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Mikal, pitit fi Sayil la, pa janm fè pitit jouk li mouri.
Cross References
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Job 42:6Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon.
Isaiah 50:6Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen.
Matthew 5:11Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye.
1 Timothy 1:15Sa se yon pawòl ki vre, pawòl tout moun te dwe kwè: Jezikri te vini sou latè pou delivre moun k'ap fè peche. Mwen menm, mwen pi mal pase yo tout.
1 Peter 4:14Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou.