The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 2 › 1 Samuel 2:30

1 Samuel 2:30

Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Bib La

In The King James Version

Wherefore the LORD God of Israel saith, I said indeed that thy house, and the house of thy father, should walk before me for ever: but now the LORD saith, Be it far from me; for them that honour me I will honour, and they that despise me shall be lightly esteemed.

In Context

29Pouki nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m', kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen?

31Gade! Koulye a lè a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansèt ou a. Konsa p'ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun.

Read all of 1 Samuel 2

Cross References

Exodus 29:9W'a pase sentiwon nan ren yo, w'a mete bonnèt yo nan tèt yo. Se yo menm k'ap sèvi m' prèt dapre yon lwa ki la pou tout tan. Se konsa w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo pouvwa pou fè sèvis Bondye.

Numbers 25:11-Se Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit gason Arawon prèt la, ki te fè m' sispann ankòlè sou pèp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa t' ka sipòte wè yon moun nan pèp Izrayèl la kite m' pou l' al sèvi yon lòt bondye. Se poutèt sa, atout mwen t'ap fè jalouzi a, mwen pa fin touye tout pèp la nèt.

Judges 9:10Y' al jwenn pye figfrans lan, yo di l': Ou menm, pye figfrans, vin gouvènen nou non!

1 Kings 2:27Salomon revoke Abyata, li enpoze l' sèvi tankou prèt Seyè a. Se konsa, sa Seyè a te di lavil Silo sou Eli, prèt la, ak sou pitit li yo, rive vre.

2 Chronicles 15:2Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.

Psalms 18:20(018:21) Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 2:30

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 2:291 Samuel 21 Samuel 2:31 →