2 Samuel 8:17
Zadòk, pitit gason Akitoub la, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Seraja te sekretè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 15:24Zadòk, prèt la, te la tou ansanm ak tout moun fanmi Levi yo ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a. Yo depoze Bwat Kontra a atè. Yo pa leve l' jouk tout rès moun yo fin soti kite lavil la. Abyata, prèt la, te la tou.
2 Samuel 19:12Di yo se fanmi m' yo ye, menm ras avè m'. Poukisa se yo menm dènye moun ki pou fè m' tounen nan palè a?
1 Chronicles 6:8Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz,
1 Chronicles 9:11Azarya, pitit Ilkija. Ilkija sa a te pitit Mechoulam, Mechoulam te pitit Zadòk, Zadòk te pitit Merajòt, Merajòt te pitit Achitoub. Se li menm Achitoub sa a ki te chèf nan tanp Bondye a.
1 Chronicles 15:11David rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, ansanm ak sis moun Levi: Ouryèl, Asaja, Joèl, Chemaja, Eliyèl ak Aminadad.
1 Chronicles 18:16Zadòk, pitit gason Akitoub, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Chaoucha te sekretè.