2 Samuel 9:1
Yon jou, David mande: -Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l' poutèt Jonatan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 18:1Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li.
1 Samuel 20:15Toujou aji byen ak moun lakay mwen. Menm lè Seyè a va fin disparèt tout lènmi ou yo sou latè,
1 Samuel 23:16Jonatan, pitit Sayil la, al jwenn li la, li t'ap ba l' kouraj. Li t'ap di l' ki jan Bondye ap toujou la avèk li.
2 Samuel 21:7David pa ba yo Mefibochèt, pitit Jonatan an, pitit pitit Sayil la, poutèt sèman li menm ak Jonatan, pitit Sayil la, yo te fè devan Bondye.
Proverbs 27:10Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.