Matie 5:44
Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:4Si nou pa byen ak yon moun, epi nou jwenn bèf li osinon bourik li ki kase kòd, se pou nou mennen l' ba li.
2 Chronicles 28:9Nan lavil Samari te gen yon moun yo te rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun peyi Izrayèl yo ki t'ap rive lavil Samari. Li di yo: -Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida yo. Se poutèt sa li lage yo nan men nou. Men koulye a, Bondye tande ki jan nou menm nou ansasinen yo ak raj.
Psalms 35:13Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,
Luke 6:27Nou menm k'ap koute m' la a, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou.
Luke 23:34Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
Acts 16:28Men, Pòl kriye byen fò: Pa fè tèt ou mal. Nou tout la.