2 Thessalonians 1:4
Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 5:3Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.
Romans 12:12Pandan n'ap tann lan, fè kè n' kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
2 Corinthians 7:14Mwen te pale byen pou nou anpil ak Tit, epi nou pa fè m' wont. Mwen pa janm ban nou manti lè m'ap pale ak nou. Se konsa, sa m' te di Tit sou nou an se te verite a tout bon.
2 Corinthians 9:4Ala wont mwen ta wont si, pou lè moun peyi Masedwan yo ta vin ansanm avè m', yo ta jwenn nou pa pare! Jan m' te konte sou nou sa! Mwen pa bezwen pale jan nou menm tou nou ta wont!
1 Thessalonians 2:14Frè m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo.
1 Thessalonians 3:2Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bon nouvèl Kris la. Li te gen pou l' te fòtifye nou, pou l' te ankouraje nou nan lafwa,