1 Thessalonians 2:14
Frè m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 8:1Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm.
Acts 9:1Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la.
Acts 9:31Lè sa a, legliz la te gen repo toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari. Li t'ap devlope, li t'ap viv avèk krentif pou Bondye. Avèk konkou Sentespri, li t'ap resevwa anpil moun toujou.
Acts 12:1Nan menm epòk sa a, wa Ewòd te pran maltrete kèk manm nan legliz la.
Acts 17:13Men, lè jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t'ap fè konnen pawòl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lè yo rive, yo kòmanse fè dezòd, yo t'ap moute tèt foul moun yo.
2 Corinthians 8:1Frè m' yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l' nan legliz ki nan peyi Masedwan yo.