2 Thessalonians 2:15
Se sa ki fè, frè m' yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 16:17M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.
1 Corinthians 15:58Konsa, frè m' yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n' toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Seyè a p'ap janm pèdi.
Philippians 4:1Se pou sa, frè m' yo ak zanmi m' yo, nou menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m' kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a.
2 Thessalonians 3:6Frè m' yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Seyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m' te moutre nou.
Jude 1:3Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo.