Jude 1:3
Zanmi m' yo, mwen pa t' manke anvi ekri nou pou m' te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m' blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite.
Cross References
Deuteronomy 9:10Se lè sa a Seyè a te ban mwen de wòch plat yo. Se sou yo li te ekri avèk pwòp men l' tou sa li di nou, antan li te nan mitan gwo dife a, jou nou tout te reyini nan pye mòn lan.
Nehemiah 13:25Mwen rale zòrèy mesye yo, mwen mande pou madichon tonbe sou yo. Mwen fè bat anpil ladan yo, mwen fè rache cheve nan tèt yo. Mwen fè yo fè sèman devan Bondye pou yo pa janm pran pitit fi yo pou yo marye yo ak mesye lòt nasyon yo, ni tou pou yo pa janm pran fi nan mitan fi lòt nasyon yo pou madanm pa yo osinon pou madanm pitit gason yo.
Isaiah 45:22Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt!
Acts 4:12Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.
Acts 9:22Men, Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l' voye a menm.
Acts 17:3Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l' soufri, li te gen pou l' te leve soti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la.