2 Thessalonians 3:14
Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pesonn gen okenn rapò avè l', pou l' sa wont.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Pou nou menm, frè m' yo, pa janm bouke fè sa ki byen.
15Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l' tankou yon frè.
Cross References
Numbers 12:14Men, Seyè a di Moyiz: -Si se te papa l' ki te krache nan figi l', li t'ap blije pote wont la pandan sèt jou, pa vre? Enben, se pou yo fèmen l' pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Apre sa, y'a kite l' tounen.
Ezra 9:6Mwen di l' konsa: -O Bondye papa m'! Mwen twò wont, mwen pa konn sa pou m' fè! M' pa ka leve tèt mwen devan ou, Bondye mwen! Nou tèlman fè sa ki mal, yo fè pil moute pi wo pase tèt nou. Peche nou yo anpile yonn sou lòt, yo rive jouk nan syèl la.
Proverbs 5:13Mwen pa t' vle koute moun ki t'ap moutre m' sa pou m' fè. Mwen pa t' louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m'.
Jeremiah 6:15Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ezekiel 16:61Ou menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pa t' nan kontra a.
Zephaniah 3:2Yo pa t' koute Seyè a. Yo pa t' pran pinisyon Bondye a pou anyen. Yo pa t' mete konfyans yo nan Seyè a ankò, yo pa t' vin mande Bondye yo a konsèy ankò.