2 Thessalonians 3:15
Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l' tankou yon frè.
Bib La
In The King James Version
Yet count him not as an enemy, but admonish him as a brother.
In Context
Cross References
Psalms 141:5Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.
Proverbs 25:12Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.
1 Corinthians 4:14Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil.
2 Corinthians 2:6Pifò nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li.
2 Corinthians 13:10M'ap ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m' rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Seyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la.
1 Thessalonians 5:14M'ap mande nou tou, frè m' yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun.