2 Timothy 1:3
M'ap di Bondye mèsi, Bondye zansèt mwen yo te sèvi a. Se li menm tou m'ap sèvi ak yon konsyans pwòp. Se tout tan m'ap di l' mèsi lajounen kou lannwit, chak fwa lide m' frape sou ou lè m'ap lapriyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m' anvi wè ou pou kè m' ka kontan nèt.
Cross References
Acts 22:3Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m' tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen koulye a pou Bondye.
Acts 24:14Men, m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.
Acts 26:4Tout jwif yo konnen ki jan m' mennen tèt mwen depi lè m' te jenn gason, ki jan m' t'ap viv depi nan konmansman nan mitan moun peyi mwen yo ak nan Jerizalèm.
Romans 1:8Anvan m' di nou lòt bagay, kite m' di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye.
2 Corinthians 1:12Men rezon ki fè m' kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m' anyen pou jan m' te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l' la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pa t' bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen.
Ephesians 1:16mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou. Mwen toujou chonje nou lè m'ap lapriyè.