Akdèzapot 24:14
Men, m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Moun sa yo pa ka bay okenn prèv pou tou sa yo sot di mwen fè a.
Cross References
1 Chronicles 29:18Seyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a.
Amos 8:14Kanta pou moun k'ap fè sèman sou Achima, zidòl peyi Samari a, moun sa yo k'ap plede di: Anverite bondye Dann lan! Anverite bondye Bècheba a! yo gen pou yo tonbe pou yo pa janm ka leve ankò.
Matthew 7:12Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.
Matthew 22:40De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.
Luke 16:16Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li.
Luke 24:27Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo; li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo.