The Bible Software
bible.software › 2 Timothy › 2 Timothy 1 › 2 Timothy 1:8

2 Timothy 1:8

Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Seyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen non plis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouraj Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m' pou bon nouvèl la.

Bib La

In The King James Version

Be not thou therefore ashamed of the testimony of our Lord, nor of me his prisoner: but be thou partaker of the afflictions of the gospel according to the power of God;

In Context

7Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

9Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.

Read all of 2 Timothy 1

Cross References

Psalms 119:46M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.

Isaiah 51:7Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm ki kenbe lòd mwen yo nan kè nou, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou, nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.

Luke 9:26Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.

John 19:35Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè.

Romans 1:16Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou.

Romans 8:36Se poutèt ou, tout moun yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 2 Timothy 1:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Timothy 1:72 Timothy 12 Timothy 1:9 →