2 Timothy 1:9
Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 14:26Men sa mwen fè lide fè pou latè. Mwen pral leve men m' pou m' pini tout nasyon yo.
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.
John 6:37Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.
John 17:9M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye.
Acts 2:47Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.
Romans 3:20Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.