2 Timothy 3:14
Kanta ou menm, se pou ou kenbe fèm sa yo te moutre ou la, sa ou te resevwa ak fèm konviksyon, paske ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 14:5M'ap pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo.
1 Thessalonians 1:5Se pa t' avèk pawòl ase mwen te anonse nou bon nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m' t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l' pou byen nou.
1 Timothy 4:16Veye sou konpòtman ou, fè atansyon ak pawòl verite w'ap anonse a. Pa lage travay ou menm. Si ou fè sa konsa, wa sove tèt ou ansanm ak tout moun k'ap koute ou yo.
2 Timothy 2:2Sa ou te tande m' di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou.
Hebrews 6:11Men, mwen ta renmen wè nou toujou kenbe konsa nan aktivite travay la jouk sa kaba, konsa sa n'ap tann lan ka rive vre.