3 John 1:11
Zanmi mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pa t' janm wè Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 34:14(034:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
Proverbs 12:11Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye.
John 3:20Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.
John 12:26Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.
1 Corinthians 11:1Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.
Philippians 3:17Nou tout frè m' yo, pran egzanp sou mwen. Kenbe je nou fiske sou moun k'ap swiv egzanp mwen te bay la.