Akdèzapot 1:7
Jezi reponn yo: Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:29Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.
Matthew 20:23Jezi reponn yo: Se vre. n'a bwè nan gode m' lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m' rezève yo pou moun li vle.
Mark 10:40Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Bondye rezève yo pou moun li vle.
Luke 21:24Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l' anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.
Ephesians 1:10Dapre plan travay Bondye a, plan ki gen pou fin reyalize nèt lè lè a va rive, Bondye ap mete tout bagay ki nan syèl la ansanm ak tout bagay ki sou latè a anba yon sèl chèf, anba Kris la.
1 Timothy 6:15Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l'. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.