Akdèzapot 1:6
Lè sa a, moun ki te reyini bò kot Jezi yo pran mande li: Mèt, èske se koulye a ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l' ankò?
Bib La
In The King James Version
In Context
5Jan te batize nou nan dlo, men nan kèk jou ankò, nou pral resevwa batèm nan Sentespri a.
Cross References
Isaiah 1:26Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen nan tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: lavil kote moun mache dwat la, lavil ki renmen m' ak tout kè li.
Jeremiah 23:5Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
Jeremiah 33:26Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m' lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki soti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò.
Daniel 7:27Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.
Joel 3:16Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.
Obadiah 1:17Men, sou mòn Siyon an, kèk moun pral sove. Se yon kote ki pral apa nèt pou mwen. Moun fanmi Jakòb yo pral reprann tout peyi lènmi te wete nan men yo.