Akdèzapot 10:17
Pyè menm pa t' konn ki sans pou l' te bay vizyon li te fè a. Men, tout tan sa a, moun Kònèy te voye yo t'ap mande ki bò kay Simon an te ye. Yo te rive devan pòt la.
Bib La
In The King James Version
In Context
16An twa fwa sa repete. Apre sa, lamenm bagay la moute tounen nan syèl la.
18Yo rele moun, epi yo mande: Eske se isit Simon yo rele Pyè a fè ladesant li?
Cross References
John 13:12Lè l' fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: Eske nou konprann sa m' sot fè la a?
Acts 5:24Lè kòmandan lagad tanp lan ak chèf prèt yo tande sa, yo t'ap mande ki jan apòt yo fè disparèt, kisa ki te rive.
Acts 10:3Yon jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li: Kònèy!
Acts 25:20Mwen pa t' konn sa pou m' te fè ankò pou m' te pran enfòmasyon sou keksyon sa yo. Mwen mande Pòl si l' pa ta vle al Jerizalèm pou yo te ka jije l' sou zafè sa a la.