Akdèzapot 12:19
Ewòd fè chache l' toupatou, men yo pa jwenn li. Li fè keksyonnen gad yo. Lèfini, li bay lòd touye yo. Apre sa, Ewòd kite peyi Jide, li al lavil Sezare kote li pase kèk tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Lè l' fè jou, gad yo te nan yon pakèt tèt chaje. Yo t'ap mande kote Pyè pase.
Cross References
1 Samuel 23:14David te rete kache nan falèz ki nan dezè Zif la, Sayil menm chak jou t'ap chache l'. Men, Bondye pa janm lage David nan men Sayil.
Esther 6:12Apre sa, Madoche tounen tounen l' bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l' sitèlman li te wont.
Jeremiah 36:26Okontrè, li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l' la. Men Seyè a pa kite yo jwenn yo.
Matthew 2:13Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l' konsa: Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l'. Sove ale nan peyi Lejip. Wa rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la.
Matthew 28:11Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t'ap veye kavo a te genyen ki te gen tan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive.
Acts 8:40Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l' pase, li anonse bon nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.