Acts 13:1
Nan legliz Antiòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Luke 3:1Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa; Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide; Ewòd menm te chèf nan peyi Galile; Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit; Lizanyas te chèf nan Labilèn.
Luke 13:31Menm lè sa a, kèk farizyen pwoche bò kot Jezi, yo di li: Pa rete isit la, ale yon lòt kote, paske Ewòd vle touye ou.
Acts 4:36Se konsa, te gen yon nonm yo rele Jozèf, yon moun Levi ki soti lil Chip. Apòt yo te ba l' yon ti non Banabas, ki te vle di: Nonm k'ap ankouraje a.
Acts 9:1Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la.
Acts 11:22Legliz Jerizalèm lan vin aprann nouvèl la. Li voye Banabas lavil Antiòch.
Acts 12:25Lè Banabas ak Sòl fin fè misyon yo lavil Jerizalèm, yo tounen lakay yo, yo pran Jan ki te gen ti non Mak la ak yo.