Akdèzapot 13:39
Frè m' yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pa t' ka wete pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
40Atansyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:
Cross References
Job 9:20M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò.
Psalms 143:2Pa jije m' sou sa m' fè, se sèvitè ou mwen ye. Pa gen moun ki inonsan devan je ou.
Jeremiah 31:32Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m' te pran men yo pou m' te fè yo soti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pa t' kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa!
Luke 10:25Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou l' pran Jezi nan pèlen li di l' konsa: Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
Luke 18:14Lè sa a, Jezi di yo: M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.
John 5:24Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.