Akdèzapot 13:8
Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an,
Cross References
1 Kings 22:24Lè sa a, Sedesyas, pitit Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a?
Jeremiah 28:10Lè sa a, pwofèt Ananya pran jouk bèf ki te sou zepòl Jeremi an, li kraze l' an miyèt moso.
John 1:41Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).
Acts 8:9Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg.
Acts 13:6Yo travèse tout lil la nèt jouk Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki te rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li.
2 Timothy 3:8Menm jan ou te wè Janès ak Janbrès t'ap fè Moyiz opozisyon an, konsa tou moun sa yo ap fè verite a opozisyon. Se yon bann moun ki gen lespri yo deraye. Bondye voye yo jete paske yo pa gen konfyans tout bon nan li.