Akdèzapot 15:9
Li pa t' fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li.
Bib La
In The King James Version
And put no difference between us and them, purifying their hearts by faith.
In Context
Cross References
Acts 10:28Li di yo: Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gen dwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l' pa penmèt sa. Men, Bondye fè m' konnen, mwen pa gen dwa gade pesonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye.
Acts 10:43Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.
Acts 14:1Nan Ikoniòm, Pòl ak Banabas antre nan sinagòg jwif yo tou. Yo pale sitèlman byen, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè.
Romans 3:9Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, èske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a.
Romans 3:29Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou.
Romans 9:24Lè m' di nou menm lan, m'ap pale sou tout moun li rele, non sèlman nan jwif yo, men nan moun lòt nasyon yo tou.