Romans 9:24
Lè m' di nou menm lan, m'ap pale sou tout moun li rele, non sèlman nan jwif yo, men nan moun lòt nasyon yo tou.
Bib La
In The King James Version
Even us, whom he hath called, not of the Jews only, but also of the Gentiles?
In Context
Cross References
Psalms 22:27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Acts 15:14Simon fèk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l' te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li.
Romans 3:29Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou.
Romans 8:28Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele.
Romans 11:11Koulye a, m'ap mande: Lè jwif yo bite, èske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo.
1 Corinthians 1:9Bondye ki rele nou pou nou ka viv ansanm ak Pitit li, Jezikri, Seyè nou an, ap toujou kenbe pawòl li.