Akdèzapot 16:1
Apre sa, Pòl ale lavil Dèb epi l' rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l' te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l' te yon moun peyi Lagrès.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Frè ki t'ap viv nan List ak Ikoniòm yo te bay bon rapò pou Timote.
Cross References
Ezra 9:2Yo marye ak fanm pèp sa yo, yo marye pitit gason yo ak pitit fi pèp sa yo. Se konsa, ras Bondye chwazi pou li a twouve l' melanje ak ras moun peyi a. Premye moun ki lage kò yo nan move zak sa yo se chèf yo ak konseye yo.
Acts 14:6Lè Pòl ak Banabas wè sa, yo kouri met deyò, y' al nan peyi Likaoni, yo rete lavil List ak lavil Dèb ak nan vwazinaj yo.
Acts 17:14Lè frè yo wè sa, yo fè Pòl pati ale jouk bò lanmè a. Men, Silas ak Timote te rete Bere.
Acts 19:22Lè sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l' nan sèvis la, devan nan peyi Masedwan. Li menm li rete kèk tan ankò nan pwovens Lazi.
Romans 16:21Timote, kanmarad travay mwen an, ansanm ak Liziyis, Jazon, Sozipatè, fanmi m' yo, yo tout voye bonjou pou nou.
1 Corinthians 7:14Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak mari l' ki gen konfyans. Si sa pa t' konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo.