Akdèzapot 16:13
Jou repo a, nou soti, n' al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 13:2Te sitèlman gen moun sanble tout bò kote Jezi, li moute nan yon kannòt, li chita. Tout foul moun yo menm te rete kanpe sou rivaj la.
Luke 4:20Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. li al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li.
John 8:2Nan denmen maten, byen bonè, li tounen nan tanp lan. Tout foul moun yo pwoche bò kote li. Li chita, li pran moutre yo anpil bagay.
Acts 13:42Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen jou repo k'ap vini an pou pale sou tout bagay sa yo ankò.
Acts 17:2Jan l' te konn fè a, Pòl antre nan sinagòg la. Pandan twa jou repo li diskite ak jwif yo sou sak te ekri nan Liv yo.
Acts 20:7Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswè pou n' te separe pen an ansanm. Pòl t'ap pale ak asanble a. Li te gen pou l' te pati nan denmen maten. Li te menwi, li t'ap pale toujou.