Akdèzapot 20:7
Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswè pou n' te separe pen an ansanm. Pòl t'ap pale ak asanble a. Li te gen pou l' te pati nan denmen maten. Li te menwi, li t'ap pale toujou.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Nou te sanble nan pyès anwo kay la. Te gen anpil lanp limen ladan li.
Cross References
Nehemiah 9:3Pandan twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Seyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Seyè a, Bondye a.
Luke 22:19Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.
John 20:1Nan dimanch maten, byen bonè, li pa t' ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a.
John 20:26Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout.
Acts 2:46Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon.
Acts 20:11Lè Pòl tounen moute, li kase pen an, epi l' manje. Li pale lontan avèk yo ankò jouk solèy leve. Apre sa li pati.