Akdèzapot 16:17
Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n' pran pou n' ka jwenn delivrans.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 57:2(057:3) M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an.
Daniel 3:26Wa Nèbikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele: -Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Soti vin jwenn mwen! Epi mesye yo mache soti nan dife a.
Daniel 4:2Se yon plezi pou mwen pou m' fè nou konnen mirak ak bèl bagay Bondye ki anwo nan syèl la fè pou mwen.
Daniel 5:21Yo mete l' deyò, yo voye l' byen lwen, yo pa kite l' mache sou moun. Lespri li tounen tankou lespri yon bèt. Li rete menm kote avèk bourik mawon, li manje zèb tankou bèf, lawouze bat li kou bèt seren. Lèfini, li rekonèt se Bondye ki anwo nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè, se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
Daniel 6:20Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l' te sere lè li rele Danyèl, li di: -Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, èske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo?
Micah 6:6Lè sa a, pèp la di: Kisa m'a pote ofri bay Seyè a, Bondye ki nan syèl la, lè m'a vin adore l'? Eske m'a pote pou li jenn ti towo bèf ki fèk gen ennan pou yo ka boule pou li?