Akdèzapot 16:18
Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, soti sou fi a. Menm lè a, lespri a soti sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Mark 1:34Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi; li te chase anpil move lespri. Men, li pa t' kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.
Mark 16:17Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.
Luke 10:17Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo.
Acts 9:34Pyè di li: Ine, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou. Lamenm, Ine leve kanpe.
Acts 19:12Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l', yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò.