Akdèzapot 16:31
Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
Bib La
In The King James Version
And they said, Believe on the Lord Jesus Christ, and thou shalt be saved, and thy house.
In Context
30Apre sa, li fè yo soti, li mande yo: Mesye, kisa m' dwe fè pou m' delivre?
32Epi yo fè l' konnen pawòl Seyè a, limenm ansanm ak tout moun ki te lakay li.
Cross References
Genesis 18:19Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.
Jeremiah 32:39Sèl lide m'ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m'a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo.
Mark 16:16Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
John 3:15Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an.
John 6:40Men sa Papa m' vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
John 7:37Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.