Akdèzapot 17:18
Kèk filozòf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avèk li. Gen ladan yo ki t'ap di: Kisa paladò sa a vle di la a? Gen lòt moun ki t'ap di: Gen lè l'ap pale sou yon lòt kalite bondye. Yo t'ap di sa paske Pòl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 23:9Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.
Mark 9:14Lè yo rive bò kote lòt disip yo, yo wè yo nan mitan yon mas moun. Te gen kèk dirèktè lalwa la tou ki t'ap diskite avèk yo.
Acts 4:2Yo te fache anpil dèske apòt yo t'ap moutre pèp la anpil bagay, dèske yo t'ap anonse yo moun mouri kapab leve menm jan Jezi te leve soti vivan nan lanmò.
Acts 17:31Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l' jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l' fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò.
Romans 1:22Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.
1 Corinthians 1:20Bon, lè sa a, moun ki gen bon konprann yo, moun ki fò yo, moun ki renmen diskite dapre prensip lèzòm yo, kisa yo gen pou di ankò? Eske Bondye pa fè wè se bon konprann lèzòm lan ki pawòl moun fou?