Akdèzapot 17:6
Yo rive devan kay Jazon, yo antre al chache Pòl ak Silas pou mennen yo devan pèp la. Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ansanm ak kèk frè devan chèf yo ki nan lavil la. Yo pran pale byen fò, yo t'ap di: Mesye sa yo ap mache fè dezòd toupatou. Men, koulye a yo rive jouk isit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Jeremiah 38:2-Men mesaj Seyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va soti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.
Matthew 24:14Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
Acts 6:12Se konsa, yo moute tèt pèp la ansanm ak chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo. Y' al kot Etyèn, yo mete men sou li, yo trennen l' devan Gran Konsèy la.
Acts 18:12Pandan Galyon te gouvènè nan peyi Lakayi, jwif yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè Pòl. Yo mennen l' devan tribinal la,
Acts 22:22Foul moun yo t'ap koute Pòl byen pwòp. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele: Wete nonm sa a sou latè! Touye li! Li pa merite viv ankò!