Jeremiah 38:2
-Men mesaj Seyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va soti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 21:9Tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri nan lagè, osinon anba grangou, ou ankò maladi pral fini ak yo. Men, tout moun ki va soti al pote tèt yo bay moun Kalde k'ap sènen nou yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo nan batay la.
Jeremiah 27:13Pa gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pèp ou a, nan lagè, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Seyè a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumèt devan wa Babilòn lan.
Jeremiah 34:17Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen di nou pa koute m', nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Seyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi.
Jeremiah 39:18Se vre wi, m'ap sove ou, yo p'ap touye ou. W'ap sove, w'ap vivan paske ou te gen konfyans nan mwen. Wi, se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 42:22Enben, konn sa byen, nou pral mouri nan lagè, grangou ap touye nou, move maladi ap fini ak nou nan peyi kote nou vle al rete a.
Jeremiah 45:5Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!