Akdèzapot 19:13
Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd soti.
Bib La
In The King James Version
In Context
14(Se te sèt pitit gason Seva, yon granprèt jwif, ki t'ap fè sa.)
Cross References
Genesis 4:14Men ou mete m' deyò sou tè sa a koulye a, se kache pou m' al kache pou ou pa wè m'. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m'.
1 Samuel 14:24Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.
Psalms 109:10Se pou pitit li yo tounen vakabon k'ap mande. Se pou yo mete yo deyò nan vye kay kraze kote yo rete a.
Matthew 26:63Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?
Mark 9:38Jan di l' konsa: -Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fè sa, paske li pa t'ap mache avèk nou.
Luke 11:19Si mwen menm mwen chase move lespri ak pouvwa Bèlzeboul, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo chase move lespri yo? Se poutèt sa se yo menm k'ap ban nou tò.