Akdèzapot 19:19
Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkantmil (250.000) goud antou.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li.
Cross References
Genesis 35:4Se konsa yo renmèt Jakòb tout bondye etranje yo te gen nan men yo ansanm ak tout zanno yo te gen nan zòrèy yo. Jakòb antere tout sa anba pye bwadchenn ki te toupre lavil Sichèm lan.
Exodus 7:22Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.
Leviticus 13:52Prèt la va boule bagay ki kanni an, paske se yon move maladi k'ap manje tout rad la. Se pou yo boule l' nan dife.
Deuteronomy 18:10Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.
1 Chronicles 10:13Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l',
Isaiah 2:20Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y'a voye yo jete bay rat ak chovsourit.