Akdèzapot 19:34
Men, lè yo rekonnèt se jwif li ye, yo tout pran rele ansanm menm bagay la pandan dezèdetan: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 18:26Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare l'. Lèfini, yo pran rele Baal depi nan maten rive vè midi. Yo t'ap di: -Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Pa yon vwa, pa yon repons.
Acts 16:20Yo mennen yo devan chèf lavil Wòm yo, epi yo di: Mesye sa yo ap fè dezòd nan lavil nou an. Se jwif yo ye.
Acts 19:28Lè yo tande sa, foul moun yo vin ankòlè anpil, yo pran rele: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès!
Revelation 13:4Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li?