Apokalips 13:4
Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 9:2Moun peyi a se yon bann moun ki gwonèg, ki bèl wotè tankou moun Anak yo. Nou konn tande yo di pa gen moun ki ka kenbe tèt ak moun sa yo.
Psalms 106:37Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.
1 Corinthians 10:20Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo.
2 Thessalonians 2:4Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.
Revelation 12:3Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo.
Revelation 13:12Li pran tout pouvwa premie bèt la pou l' te kòmande devan je li. Li fòse latè ak tout moun ki sou latè pou yo adore premie bèt ki te blese amò men ki te geri a.