Akdèzapot 19:4
Pòl di yo: Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l' la, ki vle di Jezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Lè sa a, Pòl mande yo: Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: Batèm Jan an.
5Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Seyè Jezi.
Cross References
Matthew 3:11Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.
Matthew 21:25Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè l'.
Luke 1:76Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, wa pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li.
John 1:7Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesaj li a te ka kwè.
John 1:27L'ap vin apre m', men mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat li.
John 3:28Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m' pran devan li.