Jan 3:28
Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m' pran devan li.
Bib La
In The King James Version
Ye yourselves bear me witness, that I said, I am not the Christ, but that I am sent before him.
In Context
27Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li.
Cross References
Malachi 3:1Seyè a pale, li di konsa: -Men m'ap voye mesaje mwen devan pou l' pare yon chemen pou mwen. N'ap rete konsa, n'ap wè Seyè n'ap plede chache a ap vini nan tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou l' fè tout moun konnen kontra a.
Matthew 3:3Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l' te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li.
Mark 1:2Nan liv pwofèt Ezayi a, men sa ki te ekri: Bondye di: Men m'ap voye mesaje m' lan devan ou. La louvri chemen an pou ou.
Luke 1:76Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, wa pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li.
John 1:20Jan pa t' refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: Se pa mwen ki Kris la.
John 1:25Yo mande li: Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun?