Akdèzapot 20:18
Lè yo rive, li di yo: Nou konnen ki jan mwen te mennen bak mwen tout tan mwen te la avèk nou, depi premye jou mwen te mete pye m' nan Lazi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 19:1Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la.
2 Corinthians 1:12Men rezon ki fè m' kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m' anyen pou jan m' te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l' la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pa t' bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen.
1 Thessalonians 1:5Se pa t' avèk pawòl ase mwen te anonse nou bon nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m' t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l' pou byen nou.
2 Thessalonians 3:7Nou menm, nou konnen sa pou nou fè pou nou ka swiv egzanp mwen ban nou. Mwen pa t' fè parese lè m' te nan mitan nou.