Akdèzapot 20:19
Mwen sèvi Seyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 119:136Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
Jeremiah 13:17Si nou pa koute l', mwen pral kache kò m' yon kote pou m' kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m' pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo.
John 12:26Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.
Acts 13:50Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a.
Acts 14:19Kèk jwif soti Antiòch (ki nan peyi Pisidi) ak Ikoniòm. Yo pran tèt foul la, yo kalonnen Pòl kout wòch pou yo touye li. Apre sa, yo trennen l' mete andeyò lavil la, yo te kwè l' te mouri.
Acts 17:13Men, lè jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t'ap fè konnen pawòl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lè yo rive, yo kòmanse fè dezòd, yo t'ap moute tèt foul moun yo.